Matthew 23:35
Konsa, n'ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lòtèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 9:5Konprann sa byen: si yon moun touye nou, m'ap fè l' rann mwen kont. M'ap fè tout bèt ki touye nou rann mwen kont. tout moun ki touye moun parèy yo gen pou rann mwen kont.
Deuteronomy 21:7Y'a di: Se pa nou ki touye moun sa a, ni nou pa wè ki moun ki fè krim sa a.
2 Kings 24:4ak pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Seyè a pa t' vle padonnen ankò.
Isaiah 26:21Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.
Jeremiah 2:34Rad ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pa t' bare ap fè anyen ki mal. Malgre tou sa,
Jeremiah 26:23Yo pran Ouri nan peyi Lejip, yo mennen l' bay wa a. Wa a fè yo touye l'. Lèfini, yo jete kadav li nan gwo fòs endijan yo.