Matie 24:19
Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo.
Bib La
In The King James Version
And woe unto them that are with child, and to them that give suck in those days!
In Context
18Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj.
20Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n' kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba.
Cross References
2 Samuel 4:4Jonatan, pitit Sayil la, te gen yon pitit gason yo te rele Mefibochèt. Li te enfim nan tou de pye l' yo. Li te gen senkan lè Sayil ak Jonatan mouri. Lè nouvèl lanmò yo rive soti lavil Jizreyèl, nouris la pran Mefibochèt, li kouri al kache avè l'. Men, pandan l'ap prese kouri a, pitit la sot tonbe nan men l'. Se konsa li vin enfim nan pye.
Lamentations 4:3Ata manman chat mawon bay pitit yo tete. Men, pèp mwen an mechan tankou otrich k'ap viv nan dezè. Yo pa pran swen pitit yo.
Hosea 13:16Peyi Samari a pral peye pou sa l' fè a, paske li te leve sou do Bondye li a. Yo pral mouri nan lagè. Y'ap pran pitit yo, y'ap kraze yo atè, y'ap fann vant fanm ansent yo.
Luke 21:23Lè sa a, se p'ap ti lapenn pou fanm ansent ak nouris yo, paske va gen yon gwo dezolasyon nan peyi a: kòlè Bondye pral tonbe sou pèp sa a.