Matie 24:2
Men li di yo: Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 9:7lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.
Ezekiel 7:20Bèl bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m'ap fè yo p'ap ka santi richès yo.
Micah 3:12Se konsa, n'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.
2 Peter 3:11Si tout bagay gen pou disparèt konsa, nou pa bezwen mande ki kalite moun nou dwe ye: Se pou nou sèvi Bondye, se pou nou viv pou li ase.