Matie 25:24
Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekolte kote ou pa t' simen, ou ranmase kote ou pa t' plante.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Mwen te pè, se sak fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou.
Cross References
Isaiah 58:3Pèp la ap di: -Sa nou bezwen fè jèn fè si Bondye p'ap wè sa? Sa nou bezwen pran lapenn pou sa nou fè ki mal si ou p'ap gade sou sa? Seyè a reponn yo: -M'ap di nou laverite. Jou n'ap fè jèn lan, se jou sa a tou n'ap chache fè sa ki nan enterè nou ase. Se lè sa a n'ap plede peze moun k'ap travay pou nou yo.
Jeremiah 44:16-Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Seyè a.
Malachi 1:12Men, nou menm, nou pa respekte lotèl mwen lè nou di: Lotèl Seyè a pa bon ankò. Se vye manje n'ap ofri sou li.
Matthew 7:21Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la.
Luke 6:46Poukisa n'ap plede rele mwen: Mèt, Mèt, epi nou pa fè sa m' di nou fè?
Luke 19:20Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l' nan yon mouchwa.