Job 31:32
Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo.
Bib La
In The King James Version
The stranger did not lodge in the street: but I opened my doors to the traveller.
In Context
31Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen.
33Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt.
Cross References
Judges 19:15Yo chankre sou wout la, yo vin pase nwit lan lavil Gibeya. Moun Levi a antre nan lavil la, l' al chita sou plas la, men pesonn pa t' envite yo vin pase nwit lan lakay yo.
Job 29:16Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo.
Isaiah 58:7Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.
Matthew 25:40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.
Romans 12:13Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen.
Hebrews 13:2Chonje se devwa nou pou nou byen resevwa moun ki vin lakay nou. Se konsa, gen moun ki resevwa zanj Bondye lakay yo san yo pa konn sa.