Matie 26:21
Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.
Bib La
In The King James Version
And as they did eat, he said, Verily I say unto you, that one of you shall betray me.
In Context
20Lè solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo.
22Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li: Eske se mwen menm, Mèt?
Cross References
Matthew 26:2Nou konnen, nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l' sou kwa a.
Luke 22:21Men gade! Moun k'ap trayi m' lan, li la bò tab la ansanm ak mwen!
John 13:21Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l' te boulvèse anpil. Li di yo kareman: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.
Revelation 2:23Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.