Jan 13:21
Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l' te boulvèse anpil. Li di yo kareman: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pa t' konnen ki moun li t'ap pale.
Cross References
Matthew 26:21Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.
Mark 3:5Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l' sou yo tout: sa te fè l' lapenn pou l' te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.
Luke 22:21Men gade! Moun k'ap trayi m' lan, li la bò tab la ansanm ak mwen!
John 11:35Jezi kriye.
John 12:27Men koulye a, kè m' boulvèse. Mwen pa konn sa pou m' di. Mwen ta di: Papa, delivre m' anba sa ki pral rive koulye a. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m' pase tan soufrans sa a.
John 13:18Lè m' di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m' lan, se li menm ki trayi mwen.