Matie 26:35
Pyè reponn li: Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:8Tout pèp la reponn ansanm, yo di: -N'a fè tou sa Seyè a di nou fè. Apre sa, Moyiz al rapòte bay Seyè a repons pèp la.
Proverbs 29:23Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.
John 13:37Pyè di li: Seyè, poukisa m' pa kapab swiv ou koulye a? Mwen tou pare pou m' bay lavi m' pou ou.
1 Corinthians 10:12Se sak fè, moun ki kwè li byen kanpe a, pito li veye kò l' pou l' pa tonbe.
1 Peter 1:17Si lè n'ap lapriyè nou rele Bondye: Papa, li menm ki p'ap gade sou figi moun men k'ap jije tout moun menm jan dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete pou nou pase sou tè a.