Matie 26:48
Nonm ki t'ap trayi Jezi a te ba yo yon siyal. Li te di yo: Moun n'a wè mwen bo a, se li menm n'ap chache a. Mete men sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
49Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: Bonswa, Mèt. Epi l' bo Jezi.
Cross References
2 Samuel 3:27Lè Abnè rive Ebwon, Joab mennen l' apa bò pòtay lavil la tankou si li te vle pale pou kont li avè l'. Epi li ba li yon kout ponya nan vant. Se konsa Joab touye Abnè paske Abnè te touye Asayèl, frè l' la.
Psalms 28:3Pa mete m' nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.
Mark 14:44Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l' ba yo yon siyal. Li te di yo: -Moun n'a wè m' bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l' chape.