Matie 26:75
Latou, Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l' la: Anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè soti, li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 27:3Jida menm, nonm ki te trayi Jezi a, lè l' wè yo te kondannen Jezi, remò pran l', li pote trant pyès lajan yo tounen bay chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo. Li di konsa:
Luke 22:61Jezi vire, li gade Pyè, epi Pyè vin chonje pawòl Seyè a te di l': Jòdi a, kòk p'ap gen tan chante, w'ap di ou pa konnen mwen pandan twa fwa.
Romans 7:18Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m' kapab fè li.
Galatians 6:1Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.