Romans 7:18
Sa se bagay mwen konnen: Nanpwen anyen ki bon nan mwen, nan tout kò mwen. Mwen di sa, paske menm lè mwen vle fè sa ki byen, mwen pa santi m' kapab fè li.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Nan kondisyon sa a, se pa mwen ki fè sa ki fèt la, men se peche ki nan mwen an ki fè li.
19Mwen pa fè byen mwen vle fè a, men mwen fè mal mwen pa vle fè a.
Cross References
Genesis 6:5Seyè a wè jan lèzòm te mechan toupatou sou latè, ki jan tout lajounen se move lide ase ki te nan tèt yo.
Job 14:4Ki moun ki ka fè dlo pwòp soti nan yon sous sal? Pesonn moun.
Job 25:4Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li?
Psalms 119:5Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande!
Psalms 119:40Ou wè jan m' anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m' lavi ankò!
Psalms 119:173Se pou ou vin ede m' ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m' swiv lòd ou yo!