Matie 27:19
Antan Pilat te chita sou fotèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Pilat te byen konnen se jalouzi ki te fè yo mennen Jezi ba li.
Cross References
Genesis 31:24Men, pandan lannwit, Bondye parèt devan Laban, moun lavil Aram lan, nan yon rèv, li di l': -Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.
Numbers 12:6Li di yo konsa: -Tande byen sa m'ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l' wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l'.
Proverbs 29:1Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò.
Zechariah 9:9Nou menm moun ki rete sou mòn Siyon an, fè fèt, fè gwo fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, rele, chante tèlman nou kontan! Gade! Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.
Matthew 2:12Apre sa, Bondye pale ak nèg save yo nan dòmi, li avèti yo pou yo pa tounen bò kote Ewòd ankò. Se konsa mesye yo fè yon lòt wout pou yo tounen al nan peyi yo.
Matthew 2:22Men, lè Jozèf vin konnen se Akelayis ki t'ap gouvènen peyi Jide a nan plas Ewòd, papa l', Jozèf te pè ale la. Bondye pale avè l' ankò nan dòmi. Lè sa a, li pati, li ale nan peyi Galile.