Matie 27:4
Sa m' fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li soti, li ale pann tèt li.
Cross References
Genesis 42:21Yonn t'ap di lòt: -Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tout sa nou te fè l' la. Nou te wè ki jan sa te fè l' lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l' gras. Men, nou pa t' vle koute l'. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a.
Exodus 10:16Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou.
1 Samuel 15:24Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a.
1 Samuel 28:16Samyèl di l': -Koulye a Seyè a vire do ba ou, li tounen lènmi ou, poukisa se mwen menm w'ap mande bagay konsa?
2 Kings 24:4ak pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Seyè a pa t' vle padonnen ankò.
Job 16:2-Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo.