Matthew 27:46
Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: Eli, Eli lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)
Bib La
In The King James Version
In Context
45Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi.
47Nan moun ki te la yo genyen ki tande l' pale. Yo di: Men l'ap rele Eli.
Cross References
Psalms 71:11Y'ap plede di: -Bondye lage l'. Kouri dèyè l', kenbe l', paske pa gen moun pou delivre l'.
Lamentations 1:12Nou tout k'ap pase la a, gade non! Sa pa di nou anyen? Pesonn pa janm pase sa m'ap pase la a. Se Bondye, Seyè a, ki ankòlè k'ap manyen avè m'.
Luke 23:46Jezi rele byen fò, li di: Papa, m' ap renmèt lespri mwen nan men ou. Apre l' fin di pawòl sa yo, li mouri.
Hebrews 5:7Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye.