Matie 28:5
Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n'ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri.
6Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l' te di a. Vini wè kote l' te kouche a.
Cross References
Isaiah 35:4Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.
Isaiah 41:14Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!
Daniel 10:19Epi li di m': -Ou pa bezwen pè. Ou se yon moun Bondye renmen anpil. Pa kite anyen fatige lespri ou, ni fè ou pèdi kouraj ou! Lè li di m' sa, mwen santi mwen vin gen plis fòs. Mwen di li: -Mèt, ou fè m' vin gen fòs. Di m' sa ou gen pou di m' lan non!
Matthew 28:10Jezi di yo: Nou pa bezwen pè. Ale di frè m' yo pou y al nan Galile. Se la y'a wè mwen.
Luke 1:12Lè Zakari wè l', li sezi; li te pè anpil.
Luke 24:5Medam yo te pè anpil. Yo bese tèt yo atè; men de moun yo di yo konsa: Poukisa n'ap chache moun vivan an nan mitan mò yo?