Matie 28:6
Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l' te di a. Vini wè kote l' te kouche a.
Bib La
In The King James Version
He is not here: for he is risen, as he said. Come, see the place where the Lord lay.
In Context
Cross References
Matthew 12:40Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè.
Matthew 17:9Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a: Pa pale ak pesonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve soti vivan nan lanmò.
Matthew 20:19y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m' nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m' sou yon kwa. Men, sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò.
Matthew 27:63Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan.
Mark 16:6Men, jenn gason an di yo: -Nou pa bezwen pè: N'ap chache Jezi, moun Nazarèt yo te kloure sou kwa a? Enben, li leve soti vivan nan lanmò, li pa isit la. Gade. Men kote yo te mete l' la.
Luke 24:12Lè sa a, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese, li wè dra mò a sèlman. Apre sa, li tounen lakay li. Li te sezi anpil pou sak te rive a.