Matthew 3:12
Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Lè sa a, Jezi soti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li.
Cross References
Job 21:18pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi?
Psalms 35:5Se pou yo tankou pay van ap pote ale, lè zanj Bondye a ap kouri dèyè yo.
Isaiah 5:24Se sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pa t' koute lòd Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.
Isaiah 28:28Lè y'ap bat ble a pou degrennen l', yo pa bat li san rete. Yo konnen jan pou yo fè woulo a pase sou ble a san yo pa kraze grenn yo.
Isaiah 41:16Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Jeremiah 4:11Yon jou ap vini. Lè sa a, y'a di pèp lavil Jerizalèm lan: Men yon van byen cho k'ap soufle soti nan dezè a. L'ap desann sou moun pèp Jida yo. Se pa yon ti van pou vannen, ni pou netwaye grenn.