Isaiah 41:16
Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:1Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen.
Isaiah 12:6Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.
Isaiah 25:1Seyè, se ou ki Bondye mwen! M'a di jan ou gen gwo pouvwa, m'a fè lwanj ou! Ou fè anpil bèl bagay. Plan travay ou te fè nan tèt ou depi lontan an, ou reyalize l' nèt, jan ou te vle l' la.
Isaiah 45:24Y'a di: Se nan Seyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouraj! Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l' yo pral wont, y'ap vin nan pye l'.
Jeremiah 9:23Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich.
Jeremiah 51:2Wi, m'ap voye etranje nan peyi a. Y'ap gaye l' tankou van k'ap bwote pay chèch, y'ap ravaje peyi a. Lè jou malè sa a va rive, y'ap soti toupatou vin tonbe sou li.