Matie 3:9
Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon.
Cross References
Matthew 8:11Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Luke 3:8Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.
Luke 7:39Lè farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li t'ap di nan kè l': Si nonm sa a te yon pwofèt vre, se pou l' ta konnen ki kalite moun fanm sa k'ap manyen l' lan ye, li ta konnen ki movèz vi fanm sa a ap mennen.
Luke 16:24Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l' mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a.
John 8:33Yo di li: Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pesonn. Ki jan ou ka fè di nou: N'a gen libète nou?
John 8:53Abraram ki Abraram zansèt nou, li mouri. Koulye a, ou prèt pou di nou ou pi gran pase li? Pwofèt ki pwofèt yo mouri. Sa ou konprann ou ye menm?