Matie 4:1
Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l'.
Bib La
In The King James Version
Then was Jesus led up of the Spirit into the wilderness to be tempted of the devil.
In Context
2Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.
Cross References
1 Kings 18:12Bon, vire m' vire do m' ale la a, si lespri Seyè a pran ou, li pote ou yon kote m' pa konnen, lè m'a di wa Akab ou isit la, lè l'a vini li pa wè ou, l'ap touye m'. Chonje mwen menm m'ap sèvi Seyè a ak krentif depi mwen piti.
Ezekiel 3:12Apre sa, Lespri Bondye a pran m', li leve m' anlè. Mwen tande yon bann vwa dèyè do m' ki t'ap di: Lwanj pou Seyè a ki fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote l' rete a.
Ezekiel 8:3Mwen wè l' lonje men l' tankou men yon moun, li pran m' nan cheve. Nan vizyon an, li leve m' byen wo nan syèl la, li mennen m' lavil Jerizalèm, devan pòtay anndan ki bay sou bò nò a, kote yo te mete yon estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè.
Ezekiel 11:24Nan vizyon an toujou, mwen wè lespri Bondye a pran m', li mennen m' tounen lavil Babilòn nan mitan moun yo te depòte yo. Lèfini, vizyon an disparèt.
Ezekiel 43:5Lespri Seyè a leve m' anlè, li fè m' antre nan ti lakou anndan an, kote mwen wè gwo limyè Seyè a te plen tout Tanp lan nèt.
Luke 4:1Jezi tounen soti bò larivyè Jouden an; li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri Bondye a mennen l' nan dezè a.