Matie 4:18
Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Jezi di yo konsa: vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito.
Cross References
Exodus 3:10Koulye a, ale! Se mwen menm k'ap voye ou bò kote farawon an. Fè pèp mwen an soti nan peyi Lejip. Wi, fè pèp Izrayèl la soti kite peyi sa a.
Deuteronomy 3:17Sou bò solèy kouche, larivyè Jouden an, depi letan Kinerèt jouk lanmè Sale a, lanmè yo rele Araba a, va sèvi fwontyè ki va desann anba lanmè Sale a jouk nan pye mòn Pisga a bò solèy leve.
1 Kings 19:19Eli pati. Li jwenn Elize, pitit gason Chafat la, ki t'ap raboure yon jaden avèk douz pè bèf. Elize t'ap raboure dènye pòsyon tè a ak douzyèm pè bèf la lè Eli pwoche bò kote l'. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li voye l' sou Elize.
Amos 7:14Amòs reponn Amatsya: -Monchè, pwofèt pa metye m'. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m' se gade bèt, se okipe pye sikomò.
Matthew 10:2Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l' yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li.
Matthew 16:18Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.