Matie 8:16
Lè solèy fin kouche, yo mennen anpil moun ki te gen move lespri sou yo bay Jezi. Li annik pale ak move lespri yo, li chase yo. Li te geri tout moun malad yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Jezi manyen men madanm lan, lamenm lafyèv la kite li. Madanm lan leve, li resevwa li.
Cross References
Matthew 4:23Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
Matthew 9:2Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: Pran kouraj, pitit mwen, peche ou yo padonnen.
Matthew 14:14Lè Jezi desann soti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l' fè l' mal pou yo, li pran geri moun malad yo.
Mark 1:32Aswè, apre solèy fin kouche, yo mennen tout moun malad yo ansanm ak tou sa ki te gen move lespri sou yo bay Jezi.
Mark 5:8(Li te pale konsa, paske Jezi te pase l' lòd sa a: Move lespri, soti sou nonm lan).
Luke 4:40Apre solèy te fin kouche, yo mennen tout moun malad ak tout moun ki t'ap soufri divès maladi bay Jezi. Li mete men l' sou tèt yo tout, li geri yo.