Matthew 5:1
Lè Jezi wè foul moun yo, li moute sou yon mòn. Li chita. Disip li yo pwoche bò kote l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Li tanmen moutre moun yo anpil bagay. Li di yo:
Cross References
Matthew 4:18Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye.
Matthew 10:2Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l' yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li.
Matthew 15:29Jezi kite kote l' te ye a, li mache sou bò lanmè Galile a. Li moute sou yon ti mòn, li chita la.
Mark 3:20Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pa t' menm gen tan pou yo te manje.
Luke 6:13Lè l' fè jou, li rele disip li yo, li chwazi douz nan yo, li rele yo apòt.