Matthew 5:16
Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 34:35Lè konsa, moun pèp Izrayèl yo gade, yo wè figi Moyiz te klere byen bèl. Apre sa, Moyiz remete twal la sou figi l' ankò, pou jouk lè li antre ankò pou l' pale ak Seyè a.
Isaiah 58:8Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m' delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou pwoteje nou.
Isaiah 61:3pou m' bay moun mòn Siyon ki nan lafliksyon yo kè kontan nan plas lapenn yo, kontantman nan plas kè sere yo a. M'ap mete nan bouch yo chante remèsiman nan plas chante plenyen. Yo pral grandi tankou gwo pyebwa nan jaden Seyè a te plante ak men l'. Yo tout pral fè sa ki dwat devan Bondye, pou tout moun ka fè lwanj bèl pouvwa li.
Matthew 6:1Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l' yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l' konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans.
Matthew 6:16Lè n'ap fè jèn, pa pran pòz kagou nou tankou ipokrit yo: Y'ap mache ak figi yo rale konsa pou tout moun ka wè y'ap fè jèn. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo.
Matthew 23:5Tou sa yo fè, se pou moun kapab wè yo. Gade gwosè meday ki make ak pawòl Liv la yo mare sou fwon yo ak nan bra yo! Gade longè ganiti ki nan woulèt rad long yo!