Matie 6:1
Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l' yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l' konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 24:13Se pou nou tounen l' ba li lè solèy kouche, pou l' ka mete l' sou li lè l'ap dòmi. L'a genyen nou rekonesans, epi nou menm nou va fè yon bon zèv devan Seyè a, Bondye nou an.
2 Kings 10:31Men, Jeou pa t' bat kò l' plis pase sa pou l' te mache dapre lalwa Seyè a. Okontrè, li lage kò l' nan fè menm peche ak wa Jewoboram ki te lakòz pèp Izrayèl la fè sa ki mal.
Ezekiel 33:31Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.
Zechariah 7:5-Pale ak tout moun ki nan peyi a ansanm ak prèt yo tou. Mande yo pou mwen: Sa fè swasanndizan depi n'ap fè jèn, depi n'ap pran lapenn sou chak senkyèm ak setyèm mwa. Eske se pou mwen nou te fè tou sa?
Matthew 5:16Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.
Matthew 5:48Non, nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.