Matie 5:20
Paske m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 7:21Se pa tout moun k'ap plede di m': Mèt, Mèt, ki pral antre nan peyi Wa ki nan syèl la, men se sèlman moun ki fè volonte Papa m' ki nan syèl la.
Matthew 23:2Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo la pou esplike Lalwa Moyiz la.
Mark 10:15Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l' nan Peyi kote Bondye Wa a.
Luke 11:39Men, Jezi di li: Nou menm farizyen, se konsa nou ye. Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la, men anndan kè nou se lide vòlò ak mechanste ase ki genyen.
Luke 12:1Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble; te sitèlman gen moun, yonn t'ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo: Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a.
Luke 18:10Dezòm moute nan tanp lan al lapriyè. Yonn te yon farizyen, lòt la yon pèseptè kontribisyon.