Matie 5:30
Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Yo te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l' yon papye divòs.
Cross References
Matthew 5:29Si se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l' voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè.
Matthew 13:21Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.
Matthew 18:6Kanta moun ki fè yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' voye l' jete nan fon lanmè.
Matthew 25:20Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè.
Mark 9:43Si se men ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l', voye l' jete. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men, pase pou ou rete ak tou de men ou, apre sa pou ou al nan lanfè, kote dife a pa janm mouri.
Luke 17:2Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon gwo wòl moulen nan kou l' epi yo voye l' jete nan lanmè; wi, sa ta pi bon pou li pase pou l' ta lakòz yonn nan ti piti sa yo tonbe nan peche.