Matthew 13:21
Men, yo pa kite l' pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l' pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l' ak kè kontan.
Cross References
Job 19:28paske n'ap mande ki jan pou n' fè m' pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m'?
Psalms 36:3(036:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.
Proverbs 12:12Mechan toujou ap fè gwo lide dèyè bagay mechan parèy yo pran. Men, moun k'ap mache dwat ap fè bagay k'ap rapòte yo.
Matthew 5:10Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
Matthew 7:26Men, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki pa fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun fou ki bati kay li sou sab.
Matthew 10:37Moun ki renmen papa l' osinon manman l' plis pase m' pa kapab moun pa m'. Moun ki renmen pitit gason l' osinon pitit fi l' plis pase m' pa kapab moun pa m'.