Matie 7:12
Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l' pou yo. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 19:18Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Seyè a!
Jeremiah 7:5Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri.
Ezekiel 18:21Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv.
Micah 6:8Y'a reponn li: Non monchè. Seyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.
Zechariah 8:16Men sa pou nou fè: Lè n'ap pale yonn ak lòt, pa bay manti. Nan tribinal, se pou nou rann jistis san patipri pou tout moun ka viv byen yonn ak lòt.
Matthew 22:39Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.