Ezekiel 18:21
Si mechan an sispann fè peche li te konn fè yo pou li mache dapre lòd mwen yo, si li fè sa ki dwat ak sa ki byen, li p'ap mouri. Sèten l'ap viv.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Yo p'ap chonje tout peche li te konn fè yo. L'ap viv paske li te fè sa ki dwat.
Cross References
Genesis 26:5tout sa, paske Abraram te tande m' lè m' te pale avè l', li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo.
Psalms 119:1Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!
Psalms 119:112Mwen pran desizyon pou m' fè tou sa ou vle m' fè, tout tan jouk mwen mouri.
Isaiah 1:16Manyè netwaye lavi nou non! Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen non! Sispann tout lenjistis mwen wè n'ap fè yo! Wi, sispann fè sa ki mal!
Jeremiah 18:8Men, si nasyon an chanje, si li sispann fè mechanste ki lakòz mwen te move a, m'ap chanje lide, m' p'ap fè l' sa m' te fè lide fè l' la.
Ezekiel 3:21Si okontrè, ou avèti yon moun k'ap mache dwat pou l' pa fè sa ki mal, si li koute ou, si li pa fè sa ki mal, li p'ap mouri. Ou menm tou, w'a sove lavi ou.