Matie 7:24
Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Lè sa a, m'a di yo: Mwen pa t' janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k'ap fè sa ki mal.
Cross References
Job 28:28Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.
Psalms 119:99Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m' yo, paske m'ap kalkile sou prensip ou yo.
Proverbs 10:8Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri.
Matthew 5:3Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye.
Matthew 6:14Si nou padonnen moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padonnen nou tou.
Matthew 7:7Mande, y'a ban nou. Chache, n'a jwenn. Frape, y'a louvri pou nou.