Matie 9:2
Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: Pran kouraj, pitit mwen, peche ou yo padonnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Jezi moute nan kannòt la, li tounen lòt bò lanmè a ankò, nan lavil kote l' te ye a.
3Lè sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo: Nonm sa a ap pale mal sou Bondye.
Cross References
Psalms 32:1Se yon kantik David. Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye pa gade sou fòt li fè, lè Bondye padonnen peche l' yo!
Isaiah 40:1Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa!
Jeremiah 31:33Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. Se Seyè a menm ki di sa. Lè sa a, m'ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m'ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M'a tounen Bondye pou yo, y'a tounen yon pèp pou mwen.
Matthew 8:10Lè Jezi tande pawòl sa yo, li sezi. Li di moun ki t'ap mache dèyè li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen poko janm jwenn yon moun nan pèp Izrayèl la ki gen konfyans nan Bondye tankou nonm sa a.
Matthew 9:6Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m' padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou.
Mark 1:32Aswè, apre solèy fin kouche, yo mennen tout moun malad yo ansanm ak tou sa ki te gen move lespri sou yo bay Jezi.