Isaiah 40:1
Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa!
Bib La
In The King James Version
Comfort ye, comfort ye my people, saith your God.
In Context
Cross References
Nehemiah 8:10Okontrè, al lakay nou, fè fèt! Separe vyann gra ak bon ti likè nou genyen ak moun ki pa genyen, paske jou sa a se yon jou nou fèt pou mete apa pou Seyè a. Pa kite lapenn pran nou! Kontantman Bondye ap mete nan kè nou an va ban nou fòs!
Psalms 85:8(085:9) M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.
Isaiah 3:10Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo.
Isaiah 35:3Ankouraje moun ki febli yo! Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble!
Isaiah 41:27Se mwen menm premye moun ki bay moun Siyon yo nouvèl men l'ap vini! Se mwen menm ki voye yon moun al pote bon nouvèl la bay lavil Jerizalèm.
Isaiah 50:10Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, nou tout k'ap koute pawòl sèvitè li a, nou wè jan chemen m'ap swiv la fè nwa san yon ti limyè ladan l'. Se pou nou met konfyans nou nan Seyè a. Apiye sou Bondye nou an!