Micah 1:7
Y'ap kraze tout zidòl yo an miyèt moso. Y'ap boule tou sa yo te ofri bay zidòl yo nan dife. M'ap fè kay zidòl yo tounen pil wòch. Pèp la te vire do bay Bondye lè yo t'ap fè zidòl sa yo, ou ta di madan marye k'ap fè jennès. Koulye a, y'ap peye pou vire yo te vire do bay Bondye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:30M'a detwi tout kay nou bati sou tèt mòn pou fè sèvis, m'a kraze lotèl lansan nou yo mete atè, m'a anpile kadav nou yo atè sou moso estati vye zidòl nou yo. N'a ban m' degoutans.
Deuteronomy 23:18Pa janm kite yon fanm osinon yon gason vin nan tanp Bondye a pou fè ankenn ofrann ak lajan yo fè nan kondisyon sa a, paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa.
2 Chronicles 31:1Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo. Lèfini, tout moun pèp Izrayèl yo tounen lakay yo nan peyi pa yo.
Isaiah 27:9Men, pou l' padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p'ap fè yo peye pou sa yo fè a.
Ezekiel 6:6Y'ap detwi tout lavil ki nan peyi yo a. Y'ap kraze met atè tout kote yo fè sèvis pou zidòl yo ansanm ak tout lotèl yo. Y'ap kraze zidòl nou yo, y'ap disparèt yo. Y'ap kraze lotèl lansan nou yo an miyèt moso. Tou sa nou te fè ak men nou yo pral disparèt.
Hosea 2:12Kanta jaden rezen ak pye fig frans li yo, li di se nonm li yo ki te ba li yo. Enben, m'ap ravaje sa. M'ap fè yo tounen raje, bèt nan bwa va devore yo.