The Bible Software
bible.software › Micah › Micah 1 › Micah 1:8

Micah 1:8

Lèfini, Miche di: Se poutèt sa m'ap plenn, m'ap kriye. M'ap pwonmennen mache pye atè, toutouni, pou m' fè wè lapenn mwen. M'ap rele tankou frize, m'ap wouke tankou chen.

Bib La

In The King James Version

Therefore I will wail and howl, I will go stripped and naked: I will make a wailing like the dragons, and mourning as the owls.

In Context

7Y'ap kraze tout zidòl yo an miyèt moso. Y'ap boule tou sa yo te ofri bay zidòl yo nan dife. M'ap fè kay zidòl yo tounen pil wòch. Pèp la te vire do bay Bondye lè yo t'ap fè zidòl sa yo, ou ta di madan marye k'ap fè jennès. Koulye a, y'ap peye pou vire yo te vire do bay Bondye a.

9Pa gen renmèd pou maladi moun lavil Samari yo. Li kontaminen peyi Jida a. Li gen tan rive jouk nan pòtay kapital peyi pèp mwen an. Li gen tan rive lavil Jerizalèm.

Read all of Micah 1

Cross References

Esther 4:1Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fò.

Psalms 102:6(0102:7) Mwen sanble yon tako savann, mwen tankou frize ki rete nan vye kay kraze.

Isaiah 16:9Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a.

Isaiah 21:3Se poutèt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sèl doulè anba vant tankou yon fanm ki prèt pou akouche. M'ap tòde. Mwen rete vant ba: mwen pa wè anyen, mwen pa tande anyen.

Jeremiah 4:19Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m' ap fè m' mal! Kè mwen ap bat byen fò. M' pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.

Jeremiah 9:10Mwen di: -Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pesonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwezo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y' ale.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Micah 1:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Micah 1:7Micah 1Micah 1:9 →