The Bible Software
bible.software › Micah › Micah 5 › Micah 5:7

Micah 5:7

Lè sa a, rès moun ki vivan toujou nan pèp la va tankou lawouze Bondye voye. Y'a viv nan mitan lòt nasyon yo. Y'a tankou lapli k'ap tonbe sou jaden k'ap pouse, paske yo pa mete espwa yo nan moun men nan Bondye.

Bib La

In The King James Version

And the remnant of Jacob shall be in the midst of many people as a dew from the LORD, as the showers upon the grass, that tarrieth not for man, nor waiteth for the sons of men.

In Context

6Y'a goumen, y'a pran peyi moun Lasiri yo nan men yo. Avèk nepe yo, y'a pran peyi Nenmwòd la nan men li. Y'a delivre nou anba men moun Lasiri yo, lè y'a anvayi peyi a, lè y'a antre sou fwontyè nou yo.

8Rès moun pèp Izrayèl yo va viv nan mitan lòt nasyon yo, nan mitan anpil lòt nasyon. Y'a tankou yon lyon nan mitan bèt nan bwa, osinon yon jenn ti lyon nan mitan bann mouton. Y'ap pase nan mitan lòt nasyon yo. Y'ap kraze yo anba pye yo, y'ap dechikete yo. Pesonn p'ap ka delivre moun anba men yo.

Read all of Micah 5

Cross References

Deuteronomy 32:2Sa m'ap di a pral tonbe tankou grenn lapli! Pawòl mwen yo pral tankou lawouze k'ap tonbe sou latè. Pawòl nan bouch mwen pral tankou bèl lapli k'ap tonbe sou jenn plant yo, tankou yon ti lapli nò k'ap tonbe sou zèb gazon.

Psalms 72:6Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a.

Isaiah 32:15Men, Bondye gen pou l' voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.

Isaiah 55:10Gade! Lapli ak lawouze soti nan syèl la, yo pa tounen kote yo soti a san yo pa wouze latè, san yo pa fè l' donnen, san yo pa fè plant yo pouse pou bay kiltivatè yo grenn pou yo simen ak manje pou yo manje.

Jeremiah 14:22Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l' pa ka bay lapli. Se ou menm ki Seyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.

Ezekiel 14:22Men, si nou wè gen kèk moun ki chape, epi ki sove pitit gason yo ak pitit fi yo, gade yo byen lè y'a vin jwenn nou. Gade jan yo viv, gade sa yo fè. Lè sa a, n'a wè si m' pa t' gen rezon voye tout malè sa yo sou lavil Jerizalèm.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Micah 5:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Micah 5:6Micah 5Micah 5:8 →