Micah 6:10
Lakay moun mechan yo plen byen yo achte ak move lajan! Y'ap sèvi ak fo mamit, bagay mwen pa vle wè.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Ki jan ou vle pou m' padonnen bann moun sa yo k'ap sèvi ak move balans, ak fo mamit?
Cross References
Deuteronomy 25:13Nou pa gen dwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon,
Joshua 7:1Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la.
Proverbs 10:2Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou.
Proverbs 20:10Seyè a pa ka sipòte moun k'ap sèvi ak de pwa de mezi.
Proverbs 21:6Moun k'ap mache bay manti pou fè lajan ap kouri dèyè van. Se lanmò y'ap chache.
Jeremiah 5:27Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwezo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa.