Micah 6:9
Lè yon moun gen konprann, li gen krentif pou Seyè a. Seyè a ap rele moun lavil Jerizalèm yo: Koute m' byen, nou tout ki reyini nan lavil la!
Bib La
In The King James Version
In Context
10Lakay moun mechan yo plen byen yo achte ak move lajan! Y'ap sèvi ak fo mamit, bagay mwen pa vle wè.
Cross References
2 Samuel 21:1Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.
Job 5:6Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa. Ni moun pa rete konsa pou l' tonbe anba soufrans.
Job 10:2M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa.
Psalms 9:16(09:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.
Psalms 83:18(083:19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.
Proverbs 22:3Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.