Micah 7:16
Moun lòt nasyon yo va wè sa, y'a wont malgre tout fòs yo genyen. Y'a mete men nan bouch. Y'a sezi,
Bib La
In The King James Version
In Context
15Seyè! Fè mèvèy pou nou jan ou te fè l' lè ou te fè nou soti kite peyi Lejip la!
Cross References
Job 29:9Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo.
Psalms 126:2Ala ri nou te ri! Ala chante nou te chante tèlman nou te kontan! Lè sa a, lòt nasyon yo t'ap di: -Seyè a fè anpil bèl bagay pou yo!
Isaiah 52:15konsa tou, anpil nasyon va kontan lè y'a wè l' fwa sa a. Wa yo va rete bouch be devan li sitèlman y'a sezi. Paske y'a wè bagay moun pa t' janm rakonte yo anvan sa, y'a konprann bagay yo pa t' janm tande anvan.
Ezekiel 38:23Se konsa m'ap fè tout nasyon yo konnen jan mwen gen pouvwa, jan mwen se yon Bondye apa. Lè sa a, m'a fè tout nasyon yo konnen se mwen menm ki Seyè a.
Micah 5:8Rès moun pèp Izrayèl yo va viv nan mitan lòt nasyon yo, nan mitan anpil lòt nasyon. Y'a tankou yon lyon nan mitan bèt nan bwa, osinon yon jenn ti lyon nan mitan bann mouton. Y'ap pase nan mitan lòt nasyon yo. Y'ap kraze yo anba pye yo, y'ap dechikete yo. Pesonn p'ap ka delivre moun anba men yo.
Zechariah 12:9Lè sa a, m'a detwi tout nasyon ki va konprann pou yo atake lavil Jerizalèm.