Micah 7:17
y'a trennen kò yo atè nan pousyè tankou koulèv. Y'a mache tankou bèt k'ap trennen sou vant! Y'a pè, y'a kouri soti nan fò yo. Y'a tranble devan Bondye, y'a tounen vin jwenn li. Y'a tranble tankou fèy bwa akòz Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Moun lòt nasyon yo va wè sa, y'a wont malgre tout fòs yo genyen. Y'a mete men nan bouch. Y'a sezi,
Cross References
Exodus 15:14Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.
Joshua 9:24Yo reponn: -Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l' la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l' pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pa t' mouri. Se sa ki fè nou te fè sa.
2 Samuel 22:46Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.
Psalms 9:20(09:21) Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.
Psalms 72:9Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè.
Isaiah 2:19Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Seyè a va leve pou l' fè tè a tranble.