Micah 7:2
Pa rete moun serye nan peyi a ankò. Pa gen moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 26:20Pa kite yo touye m' nan peyi etranje byen lwen Seyè a! Poukisa pou wa Izrayèl la leve tout lame a pou l' chache touye yon ti pis tankou m'? Poukisa pou l' ap kouri dèyè m' nan tout mòn yo tankou lè moun ap fè lachas ranmye!
Psalms 12:1(012:1) Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (012:2) vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!
Psalms 14:1Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
Proverbs 1:11Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou.
Isaiah 3:5Tout moun pral chache pwofite yonn sou lòt, zanmi sou zanmi, vwazen sou vwazen. Jennmoun p'ap respekte granmoun. Vakabon ap pase moun debyen nan betiz.
Isaiah 59:7Y'ap kouri konsa pou fè sa ki mal, yo cho pou yo touye moun inonsan. Lide yo toujou sou sa ki mal, kote yo pase se dega toupatou. Se malè yo kite dèyè yo.