Micah 7:3
Yo tout pase mèt nan fè sa ki mal ak de men yo. Chèf yo ap fè egzijans. Jij yo ap mande lajan anba pou regle zafè pou moun. Grannèg yo menm mande sa yo vle. Se konsa yo tout yo fè yon sèl bann ansanm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 21:9Men sa li voye di yo nan lèt yo: Sanble tout moun pou yon sèvis jèn. Mande Nabòt pou li dirije sèvis la.
Proverbs 16:30Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou.
Isaiah 26:21Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.
Jeremiah 4:22Seyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m'! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.
Ezekiel 22:6Tout chèf peyi Izrayèl yo gen konfyans nan pwòp fòs yo. Yon sèl bagay yo konnen, se touye moun.
Ezekiel 34:21Nou pouse mouton ki san fòs yo sou kote, nou ba yo kou ak dèyè nou, ak pòtray nou, ak kòn nou jouk nou mete yo deyò, nou fè yo kite bann lan.