Nahum 1:5
Gwo mòn yo tranble lè yo wè l'. Ti mòn yo disparèt. Tè a tranble devan l' ansanm ak tout moun ki rete sou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:18Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Seyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.
2 Samuel 22:8Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Fondasyon syèl la pran tranble. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te an kòlè.
Job 26:11Lè li bay poto ki soutni syèl la yon prigad, yo sezi, yo pran tranble sitèlman yo pè.
Psalms 29:5Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.
Psalms 68:8(068:9) tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la.
Psalms 98:7Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante.