Nahum 1:6
Ki moun ki ka kanpe devan l' lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l' lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:22Lè m' an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.
Job 9:5Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen.
Psalms 2:12bese tèt devan li. Si se pa sa, n'a fè l' fache, n'a mouri, paske kòlè l' moute fasil. Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!
Psalms 76:8(076:9) Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè,
Isaiah 10:16Se poutèt sa, Seyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.
Isaiah 27:4Mwen pa fache avè l' ankò. Si mwen jwenn pikan ak move raje ladan l', m'a rache yo. M'a sanble yo, m'a boule yo nan dife.