Nahum 2:1
Nou menm moun lavil Niniv, men yon gwo lame ap moute vin atake nou. Mete gad nan fò nou. Mete moun veye gran chemen an! Mare ren nou! Mete tout kouraj nou sou nou!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 50:14Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la.
Isaiah 14:6Lè yo move, yo te konn woule pèp la anba kou. Lè yo ankòlè, yo te konn kraze pèp la anba pye yo, yo pa t' ba yo souf.
Isaiah 29:8Wi, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, y'ap tankou yon moun k'ap mouri grangou epi ki reve l'ap manje. Men, lè li leve, li grangou pi rèd. Osinon, tankou yon moun k'ap mouri swaf dlo, li reve l'ap bwè dlo. Men, lè li leve, li tou fèb, li swaf dlo pi rèd.
Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.
Jeremiah 50:23Lavil Babilòn te tankou yon gwo mato ki t'ap kraze tout moun sou latè. Koulye a, mato a chape, li tonbe, li kraze. Yo fini ak Babilòn. Yo fè l' tounen yon dezè san moun ladan l' nan mitan tout nasyon yo!
Jeremiah 51:20Seyè a di ankò: -Babilòn, ou te yon gwo mato nan men mwen, yon zam pou m' fè lagè. Se avè ou mwen te kraze nasyon yo. Se avè ou mwen te kraze peyi wa yo.