Isaiah 14:6
Lè yo move, yo te konn woule pèp la anba kou. Lè yo ankòlè, yo te konn kraze pèp la anba pye yo, yo pa t' ba yo souf.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Seyè a kase baton mechan yo. Li kase kokomakak chèf ki t'ap maltrete nou an!
7Koulye a, tout moun sou latè ap pran souf. Y'ap viv ak kè poze. Toupatou se chante, se kè kontan.
Cross References
2 Chronicles 36:17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.
Proverbs 21:30Devan Seyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.
Isaiah 10:14Nasyon latè yo te tankou nich zwezo pou mwen: mwen annik lonje men m', mwen pran tout richès yo. Mwen mache toupatou sou latè ap ranmase, tankou moun ranmase ze k'ap drive nan nich san gadò. Pa t' gen yonn ki bat zèl li pou fè m' pè. Pa t' gen yon bouch ki louvri pou di m' anyen, ni pou plenyen.
Isaiah 21:1Men mesaj Bondye bay sou plenn bò lanmè a, nan peyi Babilòn: -Tankou yon van siklòn k'ap bale dezè Negèv la, yon gwo malè pral soti nan peyi san manman yo.
Isaiah 46:10Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
Jeremiah 25:9mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.