Nahum 2:8
Tankou yon gwo basen plen dlo ki pete, moun yo ap kouri soti lavil Niniv. Y'ap di yo: Rete non! Rete non! Men, yonn pa vire tounen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 13:14Lè sa a, moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Babilòn lan va kouri al lakay yo nan peyi yo, tankou gazèl bèf mawon k'ap kouri pou chasè, tankou mouton san gadò ki gaye nan savann.
Isaiah 47:13Ou chaje ak moun k'ap ba ou konsèy jouk ou pa konn sa pou ou fè. Se pou moun ki te ba ou tout konsèy sa yo vini koulye a, se pou yo sove ou, yo menm k'ap etidye zetwal, yo menm k'ap separe syèl la an divès zòn, yo menm k'ap di ou chak lalin nouvèl tou sa ki gen pou rive.
Isaiah 59:11N'ap wouke tankou chen, n'ap plenn tankou bourik anba chay. N'ap tann Bondye pou l' pran defans nou. Bichi! N'ap tann li vin delivre nou. Anyen menm!
Jeremiah 50:16Pa kite pesonn pou plante jaden! Pa kite pesonn pou ranmase lè sezon rekòt rive! Lè lagè a va pete, tout moun lòt nasyon yo va chache chemen pa yo, y'a kouri met deyò al lakay yo.
Jeremiah 51:30Sòlda lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi tout kouraj yo, yo tankou fanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo.
Revelation 17:1Lè sa a, yonn nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode yo vin di mwen: Vini non. Mwen pral fè ou wè ki jan yo pral peni gwo jennès la, gwo lavil ki bati nan mitan gwo dlo yo.