The Bible Software
bible.software › Nahum › Nahum 3 › Nahum 3:4

Nahum 3:4

Y'ap pini lavil Niniv, manman jennès la. Y'ap pini l' pou tout dezòd li fè yo. Li te bèl, li te fò nan pawòl dous! Li fè yo pran plezi kont kò yo ak li. Li fè nasyon yo pèdi tèt yo. Lèfini, li pran yo, li fè trafik ak yo!

Bib La

In The King James Version

Because of the multitude of the whoredoms of the wellfavoured harlot, the mistress of witchcrafts, that selleth nations through her whoredoms, and families through her witchcrafts.

In Context

3Kavalye yo ap zeponnen chwal yo. Nepe yo klere kou fèman nan solèy. Lans yo, ou ta di zèklè. Moun tonbe kou mouch. Kadav yo fè pil sou pil. Ou pa ka konte yo. Moun ap bite sou moun mouri.

5Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Se mwen menm k'ap regle ak ou! Mwen pral leve rad ou anlè jouk nan tèt. Mwen pral mete ou toutouni pou tout nasyon yo ka wè ou, pou tout peyi ka wè jan ou san wont.

Read all of Nahum 3

Cross References

Isaiah 23:15Yon lè ap rive, yo pral bliye lavil Tir pandan swasanndizan, laj yon wa rive genyen anvan li mouri. Men, apre swasanndizan sa yo, lavil Tir pral tankou jennès yo pale nan chante a:

Isaiah 47:8Koulye a, louvri zòrèy ou, ou menm ki renmen pran plezi ou, ou menm ki chita kè pòpòz epi k'ap di nan kè ou: Se mwen menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt! Mwen p'ap janm pèdi mari m'. Mwen p'ap janm konnen sa ki rele pèdi pitit!

Isaiah 47:12Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout wanga ou yo! Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo. Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou! Ou ka fè moun pè ou ak yo!

Ezekiel 16:35Koulye a, Jerizalèm, gwo jennès, koute sa Seyè a ap di:

Revelation 18:2Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete.

Revelation 18:23Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Nahum 3:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Nahum 3:3Nahum 3Nahum 3:5 →