Nehemiah 10:28
Nou menm, moun pèp Izrayèl la, prèt yo, ak moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen tanp yo, travayè tanp yo, ak tout lòt moun yo ki te wete kò yo nan mitan moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou nou ka fè sa lalwa Bondye a mande nou an, ansanm ak madanm nou yo, pitit gason ak pitit fi nou yo ki gen laj konprann,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 20:24Men, mwen te pwomèt mwen t'ap ban nou peyi sa a pou peyi pa nou. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Wi, se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki te chwazi nou nan mitan tout pèp yo pou mete nou apa.
Ezra 2:70Prèt yo, moun Levi yo ak kèk moun nan pèp la al rete lavil Jerizalèm ak nan vwazinaj lavil la. Mizisyen yo, gad yo ak travayè tanp yo al rete nan lavil ki pa twò lwen kapital la. Tout rès pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.
Ezra 10:11Men koulye a, rekonèt devan Seyè a, Bondye zansèt nou yo, sa nou fè ki mal la. Fè sa li vle nou fè a: pran distans nou ak moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a. Separe ak fanm nou te pran pami lòt nasyon yo pou madanm.
Nehemiah 8:2Esdras, prèt la, pran liv la, li pote l' kote tout moun yo te reyini an: fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann. Se te premye jou nan setyèm mwa a.
Nehemiah 13:3Lè moun pèp Izrayèl yo tande sa yo te li nan liv lalwa a, yo pran tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo mete yo deyò.
Ecclesiastes 5:2Fè tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè ankenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a.