The Bible Software
bible.software › Nehemiah › Nehemiah 13 › Nehemiah 13:10

Nehemiah 13:10

Mwen vin konnen tou pèp la pa t' bay sa pou yo te bay pou moun Levi yo, kifè moun Levi yo ak mizisyen yo te leve kite travay yo lavil Jerizalèm, yo tounen nan jaden yo.

Bib La

In The King James Version

And I perceived that the portions of the Levites had not been given them: for the Levites and the singers, that did the work, were fled every one to his field.

In Context

9Lèfini, mwen bay lòd pou yo fè sèvis pou mete chanm depo yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo mete tout veso ki pou sèvis tanp lan, ansanm ak ofrann yo ak lansan an nan plas yo ankò.

11Mwen rale zòrèy chèf yo, mwen mande yo poukisa yo pa okipe tanp la ankò. Mwen voye chache moun Levi yo ak mizisyen yo, m' fè yo tounen nan tanp lan vin fè travay yo.

Read all of Nehemiah 13

Cross References

Deuteronomy 12:19Toutotan n'ap viv nan peyi a, piga nou janm bliye moun Levi yo.

Nehemiah 10:37Konsa tou, n'a pote bay prèt yo kote y'ap viv nan tanp lan pen n'a fè ak premye grenn n'a rekòlte chak lanne yo, ansanm ak lòt ofrann fwi pyebwa nou yo va donnen, diven ki fenk fèt ak lwil oliv fre. N'a pote ladim tout rekòt n'a fè nan jaden nou bay moun Levi yo. Se yo menm ki va mache nan tout ti bouk nou yo pou ranmase ladim kote yo fè jaden.

Nehemiah 12:29Genyen tou ki te soti lavil Betgilgal ak andeyò Geba ak Azmavèt. Lè sa a, mizisyen yo te rete nan anpil ti bouk yo te bati nan tout zòn bò lavil Jerizalèm lan.

Isaiah 43:23Nou pa t' ofri mouton nou yo pou yo te boule pou mwen. Se pa t' pou fè lwanj mwen nou te touye bèt nou yo. Mwen pa t' fòse nou fè ofrann grenn jaden nou yo pou mwen. Mwen pa t' fatige nou pou lansan nou pa boule pou mwen.

Malachi 3:8Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Nehemiah 13:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Nehemiah 13:9Nehemiah 13Nehemiah 13:11 →